ayititransfome-org

AYITI TRANSFÒME

AN N FÈ L ANSANM

AYITI TRANSFÒME

TI KOUT JE SOU PWOJÈ SOSYETE " YON AYITI TRANSFÒME ”

KONTÈKS

Kontèks difisil Ayiti twouve l jounen jodi a bay okazyon pou tout bon patriyòt,
tout pitit peyi a ki konsyan sou reyalite a poze tèt yo ti kesyon sa yo:

1- Èske n ap kite l jan l ye a?
2- Èske n ap kite sa vin pi mal?
3- Èske n ap angaje nou pou n chanje l ansanm, pou n transfòme l an yon peyi vivab pou tout pitit li?

Nou rezime ti Kesyon sa yo nan 3 senaryo suivan 3 kategori lide ki travèse lespri moun nan peyi a:
1- Gen sila yo ki kwè Ayiti p ap janm chanje.
2- Gen lèzòt ki kwè olye pou sa ta chanje,l ap vin pi mal.
3- Gen lòt moun ki kwè pa gen wout pabwa:
Fòk peyi a TRANSFÒME, fòk li chanje pou nou tout ka viv TANKOU MOUN.

Sa fè 3 opsyon byen konte, byen kalkile. Se twazyèm opsyon an ki fondalnatal pwojè sosyete AYITI TRANSFÒME a.

Yon AYITI TRANSFÒME vle di:

  • Yon AYITI ki mèt tèt li
  • Yon Ayiti ki chita sou jistis sosyal
  • Yon AYITI kote nou tout ka viv tankou moun
  • Yon Ayiti ki bay jèn ak fanm yo plas yo merite nan sosyete a
  • Yon AYITI kote fanm ak gason egal ego nan tout bagay
  • Yon AYITI ki ofri opòtinite reyisit pou tout moun
  • Yon Ayiti ki konte sou angajman Ayisyen pou l devlope tout bon
  • Yon AYITI kote tout enstitisyon yo kanpe doubout
  • Yon AYITI kote tout sèvis piblik disponib pou tout sitwayen
  • Yon Ayiti kote responsab yo dwe rannkont bay pèp la
  • Yon Ayiti ki chita sou jistis ak etadedwa kote leta genyen tout otorite l.

Se yon Ayiti ki pa genyen:

    • ENSTABILITE
    • ENPINITE

    • ENJISTIS

    • INEGALITE

    • ENSEKIRITE

    • KORIPSYON

    • DETOUNMAN LAJAN LETA

    • FAVORITISM

    • NEPOTISM

    • MARENN PARENN

    • ZEWO TOUNEN NÈF

    • TWOU NAN MANCH

    • GANG KRIMINÈL ATOUFÈ
 

Nou ka di: AYITI TRANSFÒME SE YON PWOJÈ SOSYETE, YON VIZYON D AYITI KI CHITA SOU 5 GWO PILYE:
1- DEMOKRASI
2- ESTABILITE
3- SOLIDARITE
4- PWOSPERITE
5- KONPETITIVITE

Kounye a, an n gade pi pre 5 pilye ki fòme vizyon politik pwojè Ayiti TRANSFÒME a.

  • Tout enstitisyon yo an plas e y ap fonksyone kòmsadwa
  • Gen lajistis pou tout moun
  • Se pèp la ki chwazi dirijan l
  • Gwoup presyon yo enplike, jwe wòl yo nan fòse LETA pran desizyon ki ale nan sans enterè jeneral la.
  • Pa gen rejim bout di, kraze zo
  • Tout enstitisyon kanpe doubout
  • Se moun ki gen lejitimite ki nan tèt pouvwa leta yo
  • Se lalwa k ap gouvènen
  • Pa gen pouvwa de facto

  • Chak koukouy sispann klere pou je l sèlman
  • Youn voye je sou lòt
  • Tout moun jwenn nan richès peyi a
  • Gen pwoteksyon sosyal ak sekirite sosyal pou tout moun
  • Tout ti moun ale lekòl / sant dakèy pou sila yo ki lage nan lari
  • Laswenyay, travay, lamanjay pou tout moun
  • Pa gen ti moun nan lari pou mande, siye machin.
  • Kreye richès nan peyi a pou nou soti nan malsite
  • Limyè jistis ekonomik lan dwe klere pou tout pitit peyi a alawonnbadè
  • Leta envesti lajan nan gwo pwojè pou devlope peyi a
  • Moun ki gen lajan jwenn bonjan ankourajman pou envesti nan peyi a
  • Remanbre enfrastrikti agrikòl yo ki fin kraze
  • Pwoteje anviwònman an , byodivèsite ak ekosistèm yo
  • Mete anvalè tout tè ak rivyè pou pwodui manje ak elektrisite
  • kreye anpil travay pou moun ki vle travay jwenn travay
  • Pou vant pèp la sispann depann sou pwodui kap soti aletranje sèlman
  • Agrikilti peyi a pwodui ase manje poun kaba pwoblèm ensekirite alimantè a
  • Rebwazman dwe fèt sou tout tèt mòn yo pou pwoteje e ranfòse sous dlo yo
  • Mezi ap pran e sipò ap bay pou ankouraje ayisyen ak etranje fè touris nan peyi
  • Tout moun peye taks pou ranfòse envestisman piblik nan peyi a.

  • Peyi a pa tounen dodin nan vle pa vle fò l ale tout tan
  • Se moun ki eli ki ranplase moun ki eli nan altènans toutan
  • Pa gen gang kap fè lalwa, kap simen dèy nan sosyete a

  • Se chwal pwodiksyon nasyonal ki sele pou travese kalfou mondyalizasyon an
  • Genyen bon jan enfrastrikti, wout, dlo, kay, lopital ak elektrisite toupatou nan peyi a
  • Peyi a pwodui manje pou tout pèp la
  • Leta mete ansanm ak sektè prive a pou fè biznis mache nan peyi a
  • Leta mete kanpe bonjan pwojè kredi pou ankouraje jèn ak fanmm yo fè biznis nan peyi a.
  • Leta mete kanpe bonjan kredi agrikòl pou ankouraje peyizan travay latè tankou tout biznis

  • Peyi gen bonjan endistri nasyonal kap pwodui manje ak lòt bagay pou li voye vann aletranje
  • Peyi a bay posiblite pou rale moun vin envesti nan peyi
  • Peyi a bay anpil valè ak enpòtans tout richès natirèl ak kiltirèl li
  • Gwo avantaj e pwoteksyon pou moun kap envesti nan domèn ekspòtasyon.

Pou reyalize vizyon osnon rèv sa a nan enterè pèp ayisyen jan nou pwomèt li a, Nap genyen pou nou mete sou pye kat (4) gwo chantye sa yo:
1- Chantye sosyal
2- Chantye anviwónmantal
3- Chantye ekonomik
4- Chantye enstitisyonèl Oubyen chantye gouvènans

Gwo pwojè sosyete sa a planifye sou 3 faz. Konsa, n ap vanse tèt frèt pou nou genyen Ayiti kote moun ka viv tankou moun.
Planifikasyon sa a fèt sou 30 lane, jouk nou rive nan lane 2054, kote peyi a pral fete kòrèkteman 250 lane endepandans li:

-Premye faz la ap rive nan lane 2030. Se yon faz kote nou poze baz transfòmasyon Ayiti a sou yon kout dire. Sa nou rele faz ki sèvi ranp lansman pwojè a. Sa a dwe fè?t nan premye senk (5) lane ekzekisyon pwojè sosyte a.

-Dezyèm faz la ap dire kenz lane, soti 2031 rive nan 2045. Se yon faz mizannèv Oubyen akselerasyon. Faz sa a ap fèt sou mwayentèm. Sa vledi lap pi long pase premye faz la.

-Twazyèm faz la ap dire 10 lane, soti 2046 rive nan 2054. Se yon faz konsolidasyon. Sa vle di, lap pèmèt nou konsolide epi ranfòse sa ki fèt déjà yo nan yon lojik kontinyite.

 

 

 

YON AYITI TRANSFÒME
AN N FÈ L ANSANM